

소개
“Liv sa a se yon vrè kado pou lòt ‘sivivan’ ak pou moun ke swisid parèt tankou yon repons solid nan pwoblèm lavi yo. Antanke yon pastè, yon omonye ak yon travayè sosyal sikyatrik, mwen se yon temwen pèsonèl sou ravaj ke swisid fè. Mwen kapab temwaye nwaj lawont, kòlè, kilpabilite ak gwo lapenn ke ‘sivivan’ yo te sibi. Liv sa a, ansanm ak lide li yo ak plan li pou rekiperasyon, pral pèmèt moun ki ap li a sòti nan nwaj sa a pou yo kapab mache ankò nan solèy la epi fè sa avèk asirans lanmou Bondye epi avèk yon sèl faktè ki enpòtan anpil pou lavi li menm, ki se— lespwa.” _Rev. George E. Dunn, yon omonye ak travayè sosyal sikyatrik “Mwen t ap chèche yon liv tankou sa a paske li te ede m fè fas ak doulè mwen te fè eksperyans pandan plizyè lane ak pèt sèl pitit gason m nan ki te touye tèt li. Li te fè m reyalize ke anpil moun soufri menm pèt sa a epi yo bezwen fè eksperyans lanmou Bondye ak pouvwa gerizon an.” _Pastè Cheryl Curtis, Faith Walk Ministries, Denver, Colorado



